Gwoup itilizatè Kominote Wikimedya Ayiti

From Meta, a Wikimedia project coordination wiki
Jump to navigation Jump to search
This page is a translated version of the page Community Wikimedia User Group Haïti and the translation is 100% complete.
Other languages:
Community Wikimedia User Group Haïti

Haiti (Haiti)
LocationFlag of Haiti.svg Haiti
Country codeHT
Approval dateAugust 2018
Official language(s)Kreyòl ayisyen and Français
Websitewww.wikimediahaiti.org
TwitterWikimedia Haiti
FacebookWikimedia Haiti
InstagramWikimedia Haiti






Community Wikimedia User Group Haiti se yon asosyasyon ki baze nan Pòtoprens ki rasanble volontè Wikimedya ayisyen yo nan yon objektif prensipal ki se amelyore prezans Ayiti nan plizyè pwojè Wikimedya pandan y ap pouswiv objektif Fondasyon Wikimedya yo. Komite afilye Fondasyon Wikimedya rekonèt li fòmèlman.

Asosyasyon sa a te kreye nan mwa Out 2018 apre dezyèm edisyon "école d'été du numérique" (lyen an franse), ki te òganize pa "Réseau des Jeunes Bénévoles des Classiques des Sciences Sociales" (lyen an franse) nan Bibliyotèk Nasyonal Ayiti

Pou le moman, Gwoup Itilizatè Kominote Wikimedya Ayiti kontribye nan kat pwojè:

Wikipédia en français ; Wikimedia Commons ; Wikidata ; Wikipédia en créole haïtien

Objektif prensipal

Ranfòse prezans Ayiti nan divès pwojè Wikimedia yo

Objektif espesifik

  • Devlope pwojè Fondasyon Wikimedya yo, espesyalman Wikipedya an kreyòl ayisyen
  • Fòme kontribitè nan tout teritwa nasyonal la
  • Sansibilize aktè, pwofesyonèl ak enstitisyon ki konsène ann Ayiti pou yo patisipe nan pwojè entènasyonal pataj konesans lan ke Wikimedya reprezante a.
  • Kolabore ak gwo kominote entènasyonal la ki se Wikimedya

Rejwenn nou


Rejwenn nou la!

Moun pou nou Kontakte

Gade tou

Kategori Wikipedya lye