Event:Konbit Wiki Kreyolo

From Meta, a Wikimedia project coordination wiki
LocationOnline and in-person event
Start and end time04:00, 1 October 2023 – 07:56, 30 November 2023
Timezone: +00:00
Number of participants13 participants

Konbit Wiki Kreyolo

Organized by: Kitanago

Start and end time

04:00, 1 October 2023 to 07:56, 30 November 2023
Timezone: +00:00

Location

In-person event

The venue address will be made available by the organizer.

Online event

The link will be made available by the organizer.

Join event chat group

No chat group is available for this event.
1ye oktòb pou rive 30 novanm 2023
Prezantasyon

Konbit Wiki Kreyolo se yon kanpay sansibilizasyon, yon apèl pou kontribisyon an kreyòl ayisyen. Se yon pwojè Wikimedia Ayiti lanse an 2022. Kanpay la se pou pèmèt lang kreyòl ayisyen an ranfòse pi plis sou entènèt la sitou sou platfòm Wikimedia yo, sitou Wikipedia. Fòk gen plis kontni sou ansiklopedi lib la, non sèlman pou plis konesans disponib pou kreyòlofòn.

Èske ou janm mande ki moun ki kreye atik Wikipedia yo, ki moun ki asire ansiklopedi a satisfè kritè yo, oswa ki kote imaj atik yo soti ? Si ou vle dekouvri Wikipedia ak pwojè relye yo, enskri pou yon atelye oswa patisipe nan youn nan evènman Kalandriye yo a oswa li paj Èd sou Wikipedya Kreyòl ansiklopedi a. Sa ou dwe konnen, vèsyon kreyòl ayisyen ansiklopedi nan premye faz li. Malgre jefò anpil kontribitè depi kèk lane sa poko sifi. Li mande plis benevòl pou vin pote kole kèlkeswa domèn etid ak travay yo. Epi tou sa pa mande okenn gwo konpetans ni nan enfòmatik ni gwo nivo etid. Sa ki enpòtan se pataje tout konesans pou mete yo disponib pou tout moun nan mond lan gratis an kreyòl ayisyen. Sa mande sèlman pou w sèvi ak referans ki fyab epi ki ka verifye sitou.

An 2022 avèk anviwon 130 patisipan nou te rive kreye plis pase 350 atik epi modifye plis pase 2 000 sou Wikipedya ki gen rapò ak istwa ak jewografi Ayiti. Nou kreye, ajoute ak tradui plis pase 2 000 deskripsyon, 229 deklarasyon ak 1231 libele, elatriye sou Wikidata. Nou kreye epi modifye plis pase 3 000 mo kreyòl ayisyen sou Wikidictionary epi 700 fichye sou Wikimedia Commons. Atelye sa a yo te òganize Tigwav, Ench, Jakmèl, Pòtoprens ak anliy. Pou plis detay vizite sou paj evènman yo epi jete yon koudèy sou bò a.
Patisipe

Kijan pou patisipe?

    • Ajoute non w nan lis patisipan sou paj sa.

Kreye oswa modifye yon atik

  • Kreye yon atik ki poko sou wikipedya oswa modifye youn ki deja la (ajoute lyen, referans, ak lòt kontni ki enpòtan) pou rann ansiklopedi a vin pi rich.
  • Si ou poko konnen kijan pou fè sa, klike sou lyen sa a pou w aprann.

Patisipe nan yon atelye

  • Si ou ta renmen konnen plis sou wikipedya nan lang kreyòl ayisyen ak pwojè sè li yo enskri nan yon atelye nan youn nan vil y ap òganize yo. Gade Kalandriye a.
  • Oswa ale sou paj sa a, nan lis atik ki mande sekou yo klike pou w kapab kreye oswa konplete li ak kontni epi referans.