Konbit Wiki Kreyolo/2023/Konkou

From Meta, a Wikimedia project coordination wiki
1ye oktòb pou rive 30 novanm 2023
Konkou

Nan kad konkou a, komite òganizatè nasyonal la lanse yon konkou nasyonal kote moun ki rive kontribye nan konplete oswa an kreye plis atik sou Wikipedia Kreyòl ayisyen an ap genyen yon pri. Li ankouraje tou Wiki klèb yo òganize konkou rejyonal epi bay premye pri yo. Konkou a ap òganize sèlman pandan peryòd konbit la.

Règ jeneral yo

  • Konkou ap òganize espesyalman sou Wikipedia kreyòl ayisyen an.
  • Pou w konte nan konkou a fòk non itilizatè w la enskri nan tablodbò a.
  • Tout sijè nan tout domèn konte, pa gen yon sijè fiks pou kontribye.

Kritè seleksyon atik yo

  • Konkou ap baze sou kantite atik ou kontribye
  • Atik elaji oswa nouvo dwe gen yon minimòm 3 000 oktè oswa 300 mo.
  • Atik la pa dwe yon move tradiksyon fèt ak lojisyèl
  • Atik la dwe devlope oswa kreye ant 1ye oktòb pou rive 30 novanm o nivo nasyonal oswa depi jou li lanse nan Wiki klèb yo rive 30 novanm o nivo rejyonal.
  • Atik pa dwe òfelen.
  • Atik la pa dwen gen okenn vyolasyon dwadotè oswa pwoblèm notoryete epi atik la ta dwe gen referans apwopriye daprè règleman lokal Wikipedia kreyòl ayisyen an.

Avètisman

  • Rezilta konkou a ak lis atik yo ap parèt sou paj rezilta Meta a.
  • Lis manb jiri pral anonse
  • Moun ki fè pati komite kowòdinasyon nasyonal la pa p ka konte kòm patisipan nan konkou a nan nivo nasyonal
  • Moun ki nan komite rejyonal yo pa p ka patisipan nan konkou pwòp klèb yo

Prim

  • Pri nasyonal:
  • Premye pri Ench:
  • Premye pri Tigwav:
  • Premye pri Jakmèl:
  • Premye pri Pòtoprens:

Manb jiri

  1. .
Sètifika patisipasyon

Kòdinasyon Wikimedya Ayiti a ofri sètifika elektwonik ak tout kontribite nan kad konbit Wiki Kreyolo a ki respekte kritè sa yo:

  • Kontribye nan 10 atik pou piti
  • Fè plis ke 300 kontribisyon
  • Kreye 2 atik pou piti ki gen referans ak imaj
  • Atik sa yo dwe respekte dwe premye kritè yo epi ajoute referans ak imaj

Rezilta Klasman yo[edit]

Top 10 plis kontribisyon yo
Pozisyon Itlizatè Kontribisyon

Total

Klasman Tit
1 Kitanago 4131 Unrelated not eligible Manb Komite Nasyonal
2 BwaKajou 1016 Loreya Nasyonal
3 Cherlie Saintilus 355 Unrelated not eligible Manb Komite Nasyonal
4 Dastel 337 Unrelated not eligible Manb Komite Nasyonal
5 Jevenalsombre16 288 1° Loreya Tigwav
6 PAUL FILS 185 1° Loreya Ench
7 Fabens wood 113 2° Loreya Ench
8 Dade70 113 Unrelated not eligible Manb Komite Nasyonal
9 Esaüe JOACHIM 71 Manb Komite Rejyonal
10 Rayclee 40 2° Loreya Tigwav