Kòd Inivèsèl Konduit/Gid pou fè respekte/Anons

From Meta, a Wikimedia project coordination wiki
This page is a translated version of the page Universal Code of Conduct/Revised enforcement guidelines/Announcement and the translation is 91% complete.
Outdated translations are marked like this.

VOTE HERE

Universal Code of Conduct

Pwojè Gid Ranfòsman pou Revize Kòd Konduit Inivèsèl la

Ou ka jwenn mesaj sa a tradui nan lòt lang sou Meta-wiki.

Bonjou alawonnbadè,

Komite Inivèsèl Kod Konduit pou Ranfòsman Direktiv Revizyon ap mande kòmantè konsènan Pwojè Gid Ranfòsman pou Revize Kòd Konduit Inivèsèl la (UCoC). Peryòd revizyon sa a ap ouvri apati 8 septanm 2022 jiska 8 oktòb 2022.

Kominte a te kolabore pou revize bouyon direktiv sa yo ki baze sou opinyon yo te rasanble nan peryòd diskisyon kominote a soti me jiska jiyè, ansanm ak vòt kominote a ki te fini an mas 2022. Revizyon yo konsantre sou kat domèn sa yo:

  • Pou idantifye kalite, objektif, ak aplikabilite fòmasyon UCoC la;
  • Pou senplifye langaj la yon tradiksyon ak konpreyansyon ki plis aksesib ak moun ki pa ekspè;
  • Pou eksplore konsèp afimasyon, ki gen ladan avantaj ak dezavantaj li yo;
  • Pou revize balans ant vi prive moun ki pote plent lan ak pa moun ki akize a

Komite a mande kòmantè ak sijesyon sou revizyon sa yo anvan 8 oktòb 2022. Apati de sa, komite revizyon an prevwa pou l revize yon lòt fwa direktiv yo ki baze sou opinyon kominote a.

Tout moun ka pataje kòmantè nan yon kantite kote. Fasilitatè yo akeyi kòmantè yo nan nenpòt lang nan paj diskou Gid pou fè respekte revize a. Kòmantè yo ka pataje tou sou paj diskou nan tradiksyon, nan diskisyon lokal yo, oswa pandan lè konvèsasyon. Gen yon seri èdtan konvèsasyon ki te planifye sou Gid pou fè respekte revize yo; tanpri gade Meta pou tan ak detay yo.

Ekip fasilitasyon k ap sipòte peryòd revizyon sa a espere rive jwenn yon gwo kantite kominote. Si w pa wè yon konvèsasyon k ap pase nan kominote w la, tanpri òganize yon diskisyon. Fasilitatè yo ka ede w nan òganize konvèsasyon yo. Diskisyon yo pral rezime epi prezante bay komite redaksyon an chak de semèn. Rezime yo pral pibliye isit la.