Misyon

From Meta, a Wikimedia project coordination wiki
This page is a translated version of the page Mission and the translation is 100% complete.

Misyon Wikimedya Fondasyon an dekri aktivite aktyèl nou yo ak objektif, sijè ki abòde lan pwojè nou yo, ak valè debaz nou yo. Li gen disferans ak "Vizyon". Deklarasyon misyon nou an se yon elaborasyon nan vèsyon tout kout ki nan estati nou yo ("Articles of Incorporation") epi apwouve pa rezisyon Komisyon Konsèy la nan mwa avril 2007, se rezime a:

Misyon Fondasyon Wikimedya a se pou pèmèt ak angaje tout moun atravè mond lan pou kolekte ak devlope kontni edikasyonèl anba yon lisans kontni gratis oswa nan domèn piblik la, epi pou pataje li efektivman ak globalman.

Nan kolaborasyon ak yon rezo de volontè endividyèl ak òganizasyon endepandan mouvman nou yo, ki gen ladan rekonèt chapit, Òganizasyon Termatik, Gwoup Itilizatè, ak Patnè, Fondasyon an bay enfrastrikti esansyèl la ak yon ankadreman òganizasyonèl pou sipò ak devlopman miltileng Wiki pwojè ak lòt efò ki sèvi misyon sa a. Fondasyon an ap rann epi kenbe enfòmasyon itil nan pwojè li yo disponib sou entènèt la gratis, e sa pou tout tan.

Pwopozisyon pou chanje fraz deklarasyon an ta dwe fèt nan Misyon/Enstab ak pwopozisyon yo pral revize omwen chak ane.

Gade tou Estati, vizyon ak valè nou yo.